Edikasyon paran pou lavni miyò
AKOR
Ankourajman, Konsekans, Onè, Respè
Yon metòd levasyon timoun ki baze sou rechèch e ki valorize kilti ak lang ayisyen
Defi a
Lè pwogram edikasyon pou levasyon timoun yo pa egziste, yo pa sifi, oswa yo pa konsidere reyalite kiltirèl fanmi yo, paran yo manke sipò. Yo pèdi konfyans nan kapasite yo genyen pou disipline timoun yo. Sitiyasyon sa a yo mennen echèk eskolè ak delenkans jèn yo, ki gen konsekans grav pou fanmi ak sosyete.
Lide nou
-
Nou vle gaye kourikoulòm AKOR la ak enplemantasyon atelye paran nan lekòl, legliz, ak sant kominotè ann Ayiti e nan dyaspora li.
-
N ap kontinye devlope epi rafine materyèl ki anrichi atelye yo, e abòde tout kalite sijè ki enpòtan pou paran yo. N ap eksplore mwayen dijital ki pou bay plis moun aksè ak kontni yo.
-
Nou fòme epi nou ankadre lidè kominotè ki pou dirije atelye ak aktivite fanmi, pou nou ka devlope kapasite lokal, e mentni konfyans ak koneksyon kiltirèl.
-
Nou evalye enpak entèvansyon yo ak mezi kalitatif e kantitatif, ki pèmèt nou aprann, adapte e ranfòse pwogram nou yo pi devan.
Fondatris la
Dr Guilhène Wolff Benjamin kòmanse karyè li bonè. Li fè tout kalite eksperyans ki anrichi konesans li:
An Ayiti kòm Sikològ nan ekip rechèch « Institut pédagogique national » e nan « Centre d'éducation spéciale »
Ozetazini kòm Konseye lekòl “Little Haiti” ak “North Miami” e nan “Parent Academy”.
Doktè Benjamin devlope pwogram AKOR la nan yon rechèch-aksyon li prezante kòm tèz doktara li.